Pour suivre la veillée et les Funérailles en direct
https://youtube.com/@soleylafwa9479?si=-S9NehQHCdXx_lIU

Merci sr Sylvie pour ce que tu as été pour nous
Se avèk anpil tristès ak gwo doulè nan kè mwen m ap ekri pawòl sa yo.
Tati Sylvie pa t jis nenpòt moun; li te yon manman devwe, yon sè ki te toujou prezan, yon zanmi fidèl, ak yon fanm ki te renmen tout moun san kondisyon. Li te toujou fè tout efò li pou ede lòt moun jan li te kapab.
Mwen te gen privilèj pou m fè pati moun li te touche nan lavi yo. Pou mwen, li te plis pase yon matant; li te tankou yon manman. Si se pa t pou Bondye, epi apre sa pou sipò, lanmou, ak sakrifis li yo, mwen pa t ap rive kote mwen ye jodi a.
Menm lè li pa t gen anpil, li te toujou asire fanmi li te byen epi yo pa t manke sa yo te bezwen. Li te toujou louvri kè li pou moun ki te nan bezwen, e li te trete tout moun avèk lanmou, gras, respè, ak konpreyansyon.
Jodi a, nou kwè travay li sou tè sa a rive nan bout li, e Senyè a rele sèvant Li lakay Li. Menm si separasyon sa a difisil anpil pou nou aksepte, nou jwenn rekonfò nan lefèt ke li te viv yon lavi ki gen sans, li te ranpli misyon li avèk diyite, epi li te kite dèyè yon eritaj lanmou ak sèvis pou lòt moun.
Tati, mèsi pou tout sa ou te fè pou mwen depi premye jou ou te pran m anba zèl ou jouk nan dènye moman yo. Mèsi pou lanmou ou, konsèy ou, sakrifis ou, ak tout sa ou te reprezante pou fanmi an. Ou pral rete pou tout tan nan kè nou, epi prezans ou pral manke nou anpil.
Ke nanm ou repoze anpè nan prezans Senyè a.
Nou renmen w, e nou p ap janm bliye w.