Menu Fermer

Lang kreyòl, se zouti rezistans pèp ayisyen an!

Madi 28 Oktòb, se Jounen Lang Kreyòl sou tout tè peyi d’Ayiti. Nan tout peyi a, nou selebre lang sa a ki se fòs nou, fyète nou, ak idantite nou. Nan menm lide sa a, tout elèv Kolèj Mari Dominik Mazzarello ansanm ak gouvènman lekòl la te pwofite okazyon an pou selebre gran jou sa. Yo te mete sou pye yon pyès teyat ak anpil ti kòmantè pou ede elèv yo renmen lang kreyòl la plis, paske se li ki senbòl fyète tout Ayisyen.

Yo te kòmanse selebrasyon an ak yon bèl kòmantè sou kreyasyon Jounen Lang Kreyòl la, ki te lanse an 1983 pandan premye kongrè entènasyonal ekriven kreyòl yo nan peyi Sent Lisi. Objektif jounen sa se mete lang kreyòl la an valè kòm patrimwàn kiltirèl, ankouraje itilizasyon li nan lekòl, administrasyon, medya ak literati, epi fè moun ki pale kreyòl yo santi fyète ak idantite yo.

Nan kòmantè a, yo te eksplike ke lang kreyòl la se lang manman plis pase 90% Ayisyen. Se poutèt sa nou dwe renmen li epi fyè de li.

Aprè sa, yo te prezante yon ti pyès teyat kote 2 elèv t ap diskite sou jounen an. Yonn te vle pou yo pale kreyòl nan klas pandan tout jounen an, tandiske lòt la pa t dakò, li te panse lang kreyòl pa fè moun sosyab, epi li pa gen « finesse ». Nan menm moman an, yon pwofesè te antre pou eklere yo sou sans jounen an. Li te eksplike yo konbyen lang kreyòl la reprezante tout nanm yo kòm Ayisyen, e se pou sa yo dwe chèche renmen li epi pale li tout tan.

Gras a entèvansyon pwofesè sila a, elèv ki te gen dout la te rive konprann enpòtans lang kreyòl la. Li te pran angajman pou li pa sèlman renmen lang lan, men tou chèche bay li tout valè li merite.

Pou ede elèv yo konprann kijan lang kreyòl se yon senbòl libète, rezistans ak inite nasyonal, yon gwoup elèv nan klas Nouvo Segondè 2 te chante mizik Yanvalou a. Chante sa a ki eksprime koneksyon chak Ayisyen ta dwe genyen ak kilti yo.

Tout elèv yo te santi yo kontan apre yo fin tande tout bèl bagay sa yo. Nan figi yo, ou wè swaf pou yo renmen nasyon yo a plis, malgre mizè ak difikilte ki genyen nan peyi a. Se ak menm kè kontan sa a yo te kontinye ak seremoni monte drapo a, ki te fèt ak fanfa lekòl la. Yo te chante dezyèm kouplè Im nasyonal la ak anpil fòs, epi aprè sa, yo te chante Im lekòl la jan yo toujou fè l.

Anvan yo antre nan klas, direksyon lekòl la te pran desizyon pou tout elèv pale kreyòl pandan tout jounen an: nan kou yo, sou lakou a, ak nan tout espas lekòl la. Desizyon sa a te ogmante kè kontan yo, e se ak menm lajwa sa yo te antre nan klas pou yo kòmanse travay.

Nou pap sispann di nou fyè paske nou se Ayisyen. E nan mezi nou kapab, n ap lite pou fè tout moun respekte lang sa a.

Sè Lundjie Solivert,
Responsab kominikasyon pou kominote Petyon-Vil.

Partager: