« Tankou Mari, akeyi lavi Sovè a nan nou»
Nan pataje ak kè kontan
OBJEKTIF : Simaye kè kontan nan pataje youn ak lòt
GWO LIDE NAN LEKTI YO:
1-„‟Fè kè w kontan Siyon‟‟. Pa pè, pinga‟w febli. Granmèt la nan mitan‟w ak fòs. L‟ap danse ak lwanj poutèt ou”.
2- « Jezi » ap vin tounen moun nan mitan nou : se yon „‟Bòn Nouvèl‟‟ k‟ap pot anpil kè kontan. Pa chaje tèt nou ak anyen. Nan lafwa ak lesperans prepare‟n pou n viv kokennchen evenman sa.
3- “Fè lwanj pou Granmèt la, rele non‟l, fè konnen mèvèy li sou tout fas tè a.
4- “Moun ki gen de chemiz, se pou‟l bay sa‟k pa genyen; moun ki gen manje, se pou‟l fè menm jan”. Pa fè anyen ki plis pase sa yo mete pou nou fè a. “Pa fè brital ak pèson, pa denonse pèson antan n‟ap fè manti, kontante nou ak lajan yo peye nou an” Mete tèt ansanm pou n‟ konbat tout fòs fènwa k‟ap bare kè kontan an.
AN N CHANTE :
Pran kouraj pa febli o, men Bondye nou k’ap vini o.
1. Fò tè ki sèk la montre kijan l‟kontan. Se pou savann nan abiye ak bèl flè.
Se poul fleri tankou jaden glayèl yo. Se pou l‟ fete, poul chante jan l‟kontan.
2. Yo bal richès ki nan peyi Liban, bèlte kamèl la ansanm ak pa Saron an,
Tout moun ap wè kijan Granmèt la bon.Tout moun ap wè kijan Bondye debyen.
LITIJI PAWÒL LA
PREMYE LEKTI
« Granmèt la ap danse ak lwaj pou tèt ou. »
Lekti Liv pwofèt Sofoni Chapit 3, 14-18 a
Fè lwanj, pitit fi Siyon an ! Fè kontantman-ou eklate, Izrayèl ! fè
kè w kontan, danse ak tout kè w, pitit fi Jerizalèm !
Granmèt la efase jijman w lan, li chase lènmi w yo ; Wa Izrayèl
la se granmèt la nan mitan w, ou p‟ap pè malè ankò.
Jou sa a, y‟ap di Jerizalèm : „‟Pa pè, Siyon ; pa kite men ou
febli. Granmèt Bondye w la nan mitan ou ak fòs, se li menm k‟ap
sove; l‟ap kontan poutèt ou ak bèl kontantman, l‟ap fè silans nan
renmen l‟ nan, l‟ap danse ak lwanj poutèt ou‟‟.
V./ : Sa se pawòl Granmèt la ki gen tout pouvwa.
R./ : Mèsi Bondye, mèsi.
Sòm pou reponn Is 12, 2-3. 4bcd. 5-6 (r: 6)
R. Danse, fè lwanj, paske li gran nan mitan ou, sen Izrayèl la.
Men Bondye sovè m‟ nan, mwen gen konfyans, mwen p‟ap pè,
paske fòs mwen ak lwanj mwen se granmèt la, li vin sèvi m‟ delivrans. R.
N‟ap tire dlo ak kè kontan nan sous sovè a.
Fè lwanj pou granmèt la, rele non l‟,
fè konnen mèvèy li li yo nan nasyon yo, sonje kijan non l‟ anlè nèt. R.
Chante pou granmèt la paske li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse, fè lwanj, pèp Siyon, paske li gran nan mitan ou, se Izrayèl la. R.
DEZYÈM LEKTI
« Granmèt la tou pre»
Lekti lèt Apot Paul ki sen pou Filipyen yo Chapit 5,4-7
Fè kè nou kontan nan Granmèt la toutan ; mwen tounen di
nou sa ankò : fè kè nou kontan.
Se pou tout moun konnen kijan nou trankil : Granmèt la
toupre. Pa chaje tèt nou ak anyen ; men nan tout kalite lapriyè,
lè n‟ap mande, antan n‟ap di mèsi, se pou nou fè Bondye konnen sa nou bezwen.
Epi kè poze bondye a, ki depase tout sa nou kapab santi, se
pou l‟ kenbe kè nou ak entèlijans nou nan Jezi kri.
V./ : Sa se pawòl Granmèt la ki gen tout pouvwa.
R./ : Mèsi Bondye, mèsi.
Aklamasyon
Alelouya ! Alelouya !
Lespri Granmèt la sou mwen :
li voye m‟ pote Bòn Nouvèl la bay pòv yo. R. Alelouya !
LEVANJIL LA
Kisa pou nou fè nou menm ?
Levanjil daprè Lik ki Sen chapit 3, 10-18
Lè sa a: Foul yo t‟ap poze Jan kesyon, yo tap di : “kisa pou nou fè?” Li
reponn, li di yo : “Moun ki gen 2 chemiz, se pou l‟ bay sak‟ pa
genyen ; moun ki gen manje, se poul‟ fè menm jan‟‟.
Kolektè yo te vini tou pou l‟ te batize yo, yo t‟ap dil‟: «Mèt,
kisa pou nou fè?” Li menm li di yo: “Pa fè anyen pi plis pase sa yo
mete nou pou nou fè a.” Solda yo t‟ap poze l‟ kesyon, yo t‟ap di
:”Kisa pou nou fè nou menm?” Li di yo: Pa fè brital ak pèson, pa
denonse pèson antan n‟ap fè manti, kontante nou ak lajan yo peye nou
an.” Pèp la t‟ap kalkile, tout moun t‟ap reflechi nan kè yo osijè Jan, si
se pa li menm kit e kris la. Jan pran lapawol, li di tout moun ki pi fo
pase m‟, k‟ap vini mwen pa merite defèt lasèt sapat li; se li menm
k‟ap batize nou nan Lespri Sen ak nan dife. Laye a nan menl‟, l‟ap
netwaye glasi l‟, l‟ap ranmase ble l‟ nan depo l‟; kanta pay yo menm,
l‟ap boule yo nan dife ki p‟ap tenyen an.
Avèk anpil lòt bagay ankò li t‟ap ankouraje pèp la antan l‟ap bay Bòn Nouvèl la.
V./ : An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a !
R./ : Lwanj pou ou Granmèt
LIMYE SOU PAWOL BONDYE A
1. Premye lekti, : Liv pwofèt Sofoni , ch 3, 14 à18 a
“ Pa pè, Siyon; pa kite men-w febli’’. Pitit fi Siyon an ap di nou fè kè nou kontan paske sovè a ap vini ak tout fòs nan mitan nou. Nan moman problèm nou yo, nou pa dwe dekouraje, ni pèdi lafwa, paske
Bondye ki te la yè a, se li menm k‟ap toujou la.
2. Is 12, 2-3. 4bcd. 5-6 (r: 6): Se you bèl kantik pou n di Granmèt la mèsi paske li sove nou. Nan mitan tout tray nap pase, se pou nou viv avèk espwa, paske lap toujou la avèk nou, li pap janm vire do ban
nou. Lap pran defans nou pou anyen mal pa rive nou.
3. Lekti lèt Apot Pòl ki sen pou filipyin yo, ch 4, 4-7
Nan Dezyèm moso labib la, Apot Pòl montre Filipyin yo kijan li renmen yo. Lap ankouraje yo, lap di yo nan mitan pèsekisyon yo, tèt chaje yo, se pou yo rete trankil epi fè Bondye konfyans, yo pap pèdi batay. Nou menm kretyen jodia ki dekouraje ak problèm lavi sa, pwoblèm peyi nou, se pou temwanyaj sen Pòl la refè fòs nou, bann jarèt poun mache ak Jezi nan kè kontan pou toutan.
4. Lik Ch 3, 10 -18
“ Kisa pou nou fè nou menm?” Repons Jan se te bon jan konsèy li t‟ap bay. Li di yo se pou yo pataje sa yo genyen ak sa ki pa genyen, pa fè moun injistis, pa bay manti sou moun. Kontante nou ak sa nou genyen. Sou kesyon batèm nan, Jan batis rete nan plas li. Li pa fè grandizè. “mouin minm se nan dlo map batize nou; gen youn ki pi fò pasem, mouin pa merite defèt lasèt sapat li, se li minm kap batize nou
nan Lesprisen ak nan dife”.
TI KOZE SOU LAVI
Fè Byen, rekolte byen
Te gen you fanmi ki pat gen anpil mwayen ekonomik pou l viv. Pandan granmoun yo te al chèche kote lavi a fè kwen, yo kite youn nan timoun yo nan kay la. Konsa, gen you mesye enkoni ki te nan vwayaj, kòm solèy la te cho epi li swaf dlo, li pase kay fanmi sa li mande pou yo fè‟l kado enpe dlo. Pandan timoun nan pral pran dlo a, li rann kont mesye a ka anvi you lòt bagay anplis dlo a. Li tounen li di mesye a:
Eske mwen mèt pote you vè lèt pou ou? Se ak kè kontan mesye a di‟l li mèt ba li‟l. Lè timoun nan ba
li lèt la, nan fason li bwè lèt la, timoun nan imajine li ka pa fè anyen pou li. Li mande mesye a eske li mèt pote you vè lèt pou li ankò? Mesye a di‟l non paran‟l yo pa la pou yo pa fache. Timoun nan di mesye a non paran yo pa‟p gen pwoblèm, dayè manman‟l mande pou‟l byen resevwa moun lakay li nan fason li kapab. Sou pawòl sa mesye a aksepte pran lòt vè lèt la. Sa te refè fòs li, epi li kontinye vwayaj la.
Kat mwa apre sa, timoun nan vin‟n tonbe malad. Se you sèl lopital nan peyi sa ki swanye jan de maladi sa yo. Lè yo fè demach pou rive nan lopital sa a, medsen yo di se operasyon imedyat sa ap koute senkant mil dola ameriken, tout moun mete men nan tèt, paske yo pòv, y‟ap mande kote yap jwenn tout kòb sa. Manman reziyen‟l poul pedi pitit la paske yo pa‟p janm ka jwen tout kòb sa nan fanmi an. Veritab medsen ki pral fè operasyon an mande manman poul al tann li deyò epi fè demach pou jwenn kòb. Manman pat vle sòti, li di bal pitit li, la fè antèman pito, paske li p‟ap jwenn tout kòb sa nan fanmi l. Doktè a pase sekirite lopital la lòd pou‟l mete manman sa deyò ak tout lòt manb nan fanmi an deyò. Yo antre ak timoun nan nan sal operasyon. Gen Kèk manb nan fanmi an te vle sòti kite lopital la, paske yo pa tap jwenn tout kòb sa pou peye operasyon an. Sekirite yo te anpeche yo sòti. Apre you bon tan, yo wè doktè a ki se anmenm tan direktè lopital la, ki ap parèt ansanm ak timoun nan epi papye fakti lopital la nan men‟l, pou operasyon an, kè yo pran sote. Men sa kite ekri nan papye a: operasyon sa peye deja gras ak de vè lèt. Pèson moun pat rive konprann ki sa doktè a te di a. Se lè sa li rakonte devan tout moun tout sa kite rive pandan‟l te nan vwayaj, kòman se timoun sa a kite ede li avèk de vè lèt li te ba li ki te refè fòs li. Doktè a mande pou manman timoun sa. Tout moun nan fanmi sa a te manifeste kè kontan yo avèk dlo ki t‟ap sòti nan zye yo.
AN NOU REFLECHI :
1- Ki sans Istwa sa genyen pou ou?
2-Ki jès ki montre timoun nan te aji byen ak vwayajè a?
3- Ki kalité pataj ki fè Bondye plezi ?
4- Chèche nan tèks la pati ki montre kontantman manman ak lòt manb nan fanmi timoun nan.
5- Di ki leson nou tire nan istwa sa-a avèk pwòp mo pa nou.
AN NOU LAPRIYÈ
Nan non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an.
Amen.
Bondye Papa, n’ap di w mèsi
pou Jezi Sèl grenn piti ou a ou bannou an kado.
Lanmou’w pou nou san parèy.
E n’ap mande’w tanpri, fè nou kwè pi plis toujou
nan Bòn Nouvèl ou-a k’ap pote kè kontan
ak gerizon nan fanmi nou, nan peyi nou ki malad,
nan kominote nou yo,
pou nou tout ak pou nou chak.
Aprann nou pataje sa nou genyen
ak sila yo ki nan bezwen.
Fè nou temwanye grandè-w nan tout sa n’ap fè.
Pa kite nou febli nan moman difisil yo,
bannou fòs ak kouraj pou n lite
pou glwa ou eklate chak jou nan lavi nou.
Banou lagras fè tout sa ki byen nan non’w.
Konsa na va benyen nan sous kè kantan w lan
avè w pou toutan. Amèn.
AN NOU CHANTE :
Partager ton pain, partager ta vie.
Partager tes joies, partager tes peines,
Partager, toujours partager.
1- Qu‟il y ait sur ton chemin du soleil ou des nuages,
Qu‟il y ait sur ton chemin, de la boue ou bien des fleurs : Partage !
2- Qu‟il y ait dans ta vie plein de chansons et danses,
Qu‟il y ait dans ta vie, l‟Espérance ou bien la peur : Partage !
3- Et le long de ton chemin, et le long de ton voyage sans attendre demain.
Donne ton coeur et ta main : Partage !