Menu Fermer

Comité mixte: Cahier de l’Avent 2021

PREZANTASYON

Malgre gwo difikilte peyi nou ap travèse, nou pap pèdi lesperans paske nou kwè Bondye kapab delivre nou. Se nan sitiyasyon malouk sa n‟ap kòmanse nouvèl ane litijik la, Ane C a.
Lavan soti nan mo laten “adventus” ki vle di “avènman”. Tan Lavan an fè nou sonje Jezi gen pou l retounen, se yon peryòd kote n‟ap prepare kè nou pou n selebre fèt Nwèl la, fèt Jezi ki tounen moun pou l te kapab sove nou.

Tan Lavan, se yon tan atant, lesperans, vijilans: Pawòl Bondye a ap fè nou sonje egzijans pou nou chanje kè nou pandan n‟ap tann sovè a. Sa mande pou pran plis tan pou n‟ koute Pawòl la menm jan ak manmam Mari ki te toujou gade Pawòl Bondye a nan kè li pou l mete l an pratik.

Nou pral chèche viv tan Lavan sa avèk Mari ki kapab ede nou ouvè kè nou pou nou akeyi sovè nou an.
Tèm ak sou-tèm Lavan ane sa se:

TANKOU MARI, AKEYI LAVI SOVÈ A NAN NOU

1- Nan veye ak lafwa
2- Nan pran chemen konvèsyon an
3- Nan pataje ak kè kontan
4- Nan fè volonte Bondye

Nou swete nou tout yon bon tan Lavan pandan nap chèche vi n pi pre Bondye, nan chèche imite Sen Franswa de Sal nan pran swen lavi Bondye a nan nou ak nan kreyasyon an.

Consulter le Cahier l’Avent 2021

Partager: