Menu Fermer

28 Novembre 2021: 1°dimanche de l’Avent C

« Tankou Mari, akeyi lavi Sovè a nan nou»

Nan Veye ak lafwa

OBJEKTIF : Veye paske nou pa konnen jou a.

 

GWO LIDE NAN LEKTI YO:

1. Premye lekti, pwofèt Jeremi, ch 33, 14-16 :
Bondye fè kontra ak pèp la malgre yo pa rete fidèl ak sa yo te pwomèt la. Men li pap kite nou pou kont nou. Se pousa li pral voye Jezi kri pami nou , pou li ba nou jistis nap tann nan.

2. Sòm

Salmis lan ap nande Bondye pou li montre l wout pou li swiv. Pou li montre l di laverite paske se li menm ki Bondye kap sove nou an. Se Bondye sèl kap montre nou vrè chemen an.

3. 1 Th 3,12-4,2

Vini Jezi a, fè nou anvi pou nou mache ak li nan lafwa. Bondye rele nou tout pou nou fè misyon pou li.

4. Lik 21,25-28.34-36
Se pou nou rete ap veye nan lafwa paske sovè a tout pwòch.

AN N CHANTE :
Jezi di m veye pa ret ap dòmi lap vin kon volé pinga ret ap dòmi.

 

LIMYE SOU PAWOL BONDYE A

Frè m ak sè m yo, nou antre nan yon lòt tan ak yon lòt ane litijik ki mande nou pou nou prepare nou, pou nou tann Jezi kap vini. Jezi ap vini se yon gwo verite lafwa, se yon verite nou jwen nan liv travay apot yo (AC1,11). Jezi ki gen poul vini an, te gentan anonse depi nan Ansyen Testaman. Se sa nou jwen nan liv jenèz la (Gn 49,10)
Yo pap ka wete kòmandman nan men Jida, jouk tan moun tout Pèp sou latè pral obeyi a va vini. Moun sa se Jezi. Wi Jezi ap vini, se yon verite pou nou menm kretyen, pa gen dout, men dat la pa fikse, pa gen moun ki konnen l.
Nan sans sa tan Lavan an envite nou pou nou toujou prè , disponib ap rete tann. Pa rete tann pandan nap fè parese, neglijans, men rete tann pandan nap pran responsabilite nou, pandan nap angage nou nan sa nou genyen kòm Vokasyon.
Chak moun selon responsabilite li. Nan premye dimanch lavan an, sen lik fè nou 2 egzijans nan preparasyon nap fè pou tann Jezi kap vini. Pa kite dòmi pran nou epi priye tout tan.
Plizyè kote nan Labib, Jezi anonse nou li gen pou l vini men se tankou yo vòlè. Se yon imaj pou envite chak kretyen pou yo vijilan, paske Jezi ap fè nou sipriz. Pa dòmi vle di evite parès espirityèl.
Nou dwe lapriyè san rete paske dapre Labib, vini Jezi a ap trè boulvèsan.
Pandan tan lavan an, pandan rès lavi nou sou tè a, pa kite dòmi pran nou, rete veyatif nan lapriyè. Se pou nou lapriyè san nou pa janm dekouraje paske lapriyè se sèl fòs ki kapab ede nou chak anba tout fòs mal la.

AN NOU NOU REFLECHI
1- Jezi ap vini kisa nou kapab fè pou nou akeyi l ?

2- Eske ou ale Legliz, pou w ka nouri fwa w ?

3- Tankou Mari, èske kè w pwòp pou akeyi Sovè a ?

4- Ki aktivite espirityèl ou prepare pou Jèn ak timoun ki nan katye kote wap viv la?

 

AN NOU LAPRIYÈ
Nan non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an. Amen.
Bondye Papa nou vini devan w avèk sa nou ye,
nap tranble paske peche nou yo fè nou avèg.
Tanpri louvri je nou
pou nou kapab wè bèl mèvèy ou reyalize pou nou.
Mèsi pou sèl pitit ou a, sovè nou an ki vin delivre nou.
Nou konnen ou renmen nou anpil,
mèsi pou lanmou sa.
Kenbe men nou nan chemen glise sa.
Si ou lage nou, lavi nou fini.
Tanpri banou lamen pou nou vanse.
Ogmante lafwa n,
mete gran renmen nan kè nou
pou nou kapab rete fè m
sou chemen ou trase pou nou an.
Nou priye w konsa paske ou gen tout pouvwa.

Amèn.

Consulter le Cahier l’Avent 2021

Partager: