Mesaj Konferans Evèk Katolik Peyi Ayiti yo,
voye bay tout Pè, tout Dyak, tout Mè, tout Frè,
tout Fidèl layik katolik yo, ak tout moun bòn volonte
nan kad 16ème Sinòd Evèk yo.
Pou yon Legliz kote n ap mache ansanm : nan kominyon, nan patisipasyon ak misyon.
1. Nan non Jezi Kri ki sove nou nan Lespri Sen an ki rasanble nou fè yon sèl Pèp pou Bondye Papa ki renmen nou anpil la (2 Korentyen 13,14), Evèk Katolik Peyi Ayiti yo kontan salye nou.
2. Nan dat 15 septanm 1965, Pap Paul VI te kreye nan Legliz la yon enstitisyon ki pote non Sinòd Evèk yo. Se yon gwo Asanble Evèk Pap la konvoke pou reflechi sou lavi Legliz la epi pou konseye li. Asanble sa montre kalite kominyon ak kolaborasyon ki ekziste ant Pap la ak Evèk yo ki toupatou sou tè a (cf. Lèt Apostolik “Apostolica Sollitudo”).
3. Jodi a, Pap Franswa konvoke Evèk yo pou XVIè Asanble jeneral Sinòd la k ap fèt nan vil Wòm nan mwa oktòb 2023. Pap Franswa konsakre 2 lane pou Legliz la prepare Sinòd la paske li vle pou tout pèp Bondye a santi li konsène nan misyon Legliz la ak nan gran desizyon Legliz la gen pou l pran. Men tèm Sinòd la: “Pou yon Legliz kote n ap mache ansanm : nan kominyon, nan patisipasyon ak misyon”.
4. Gen plizyè etap n ap swiv anvan nou rive nan gran Asanble 2023 a. Premye etap la ap soti oktòb 2021 pou rive avril 2022. Nan tout dyosèz yo ap gen aktivite rankont ak refleksyon sou jan nou dwe viv epi mache ansanm jous nou rive nan etap rasanbleman final la.
Konsa, Konferans Evèk peyi Ayiti yo envite tout pèp Bondye a, nan nivo dyosèz yo ak pawas yo :
– Pou yo reflechi sou lavi ak misyon Legliz la, espesyalman sou patisipasyon tout batize nan diferan aspè misyon an. Y ap gen pou reponn kèk kesyon sou jan yo wè lavi Legliz la e sou sa ki ta dwe fèt pou travay anonse Levanjil la ka pote plis fwi.
– Pou yo ouvri je yo sou reyalite n ap viv jodi a, ki simen dout nan kè anpil moun sou avni sosyete a : mizè, koripsyon, vyolans. Sitiyasyon sa lakoz anpil pitit peyi a ap sove kite l.
– Evèk yo envite pèp Bondye a pou li kite Lespri Sen an transfòme kè li epi gide aksyon li yo nan travay pastoral Legliz la.
5. Frè n ak Sè n yo,
« Sinòd la ap ede n konprann pi byen sa Legliz la ye : yon kominote kote tout moun ap mache ansanm pou yo wè reyalite a ak je lafwa. Sinòd la, se Legliz la k ap poze pwòp tèt li kesyon sou jan li chèche rete fidèl ak ansèyman Lafwa a. » (Pap Franswa, Diskou ouvèti Asanble jeneral Evèk yo sou lafanmi an, 5 oktòb 2015).
Sinòd la, se Legliz la k ap lapriyè pou tout moun kapab tande yon sèl vwa, ki se vwa Gadyen an k ap rasanble nou tout nan “yon sèl troupo, dèyè yon sèl Gadyen” (cf. Jan 10, vèsè 16).
Pou Sinòd la pote plis fwi pou Legliz la ak tout kominote nou yo, nou dwe « louvri kè nou bay Lespri Sen an, avèk menm kouraj Apot yo, antan nou mete n tou senp dapre lespri Levanjil la, nan lapriyè ak konfyans » (Pap Franswa, Diskou ouvèti Asanble jeneral Evèk yo sou lafanmi an, 5 oktòb 2015).
6. Se pou Lespri Lapannkot la rasanble nou, pou li abite nan kè nou, pou li fè kominyon an grandi nan mitan nou ; se pou li fè nou fè youn, pou tout moun ka kwè Jezi Kri se sila Bondye Papa voye a (cf. Jan 17, 21).
Nan souf Lespri Sen an, se pou Granmèt la ede nou youn rankontre ak lòt, pou nou youn aprann koute lòt, pou nou kalkile ansanm, pou nou mache ansanm sou chemen verite, jistis ak padon.
Se pou Lavyèj Mari, NotreDam Pèpetyèl Sekou, ede nou prepare epi reyalize Sinòd 2023 a pou lwanj Bondye toujou eklate epi pou Levanjil la kontinye anonse sou tout fas tè a.
Mesaj sa sòti nan kay kote Evèk Katolik Peyi Ayiti yo abitye reyini, jou 14 oktòb 2021 an.
Suivent les signatures
