{"id":4929,"date":"2023-04-19T20:23:49","date_gmt":"2023-04-20T00:23:49","guid":{"rendered":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/?p=4929"},"modified":"2023-04-19T20:25:22","modified_gmt":"2023-04-20T00:25:22","slug":"4929","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2023\/04\/19\/4929\/","title":{"rendered":"Mesaj Monsey\u00e8 Max Leroy M\u00e9sidor, Achev\u00e8k metwopoliten P\u00f2toprens, apre ensidan ki te pase jedi 13 avril la"},"content":{"rendered":"<p><iframe loading=\"lazy\" title=\"YouTube video player\" src=\"https:\/\/www.youtube.com\/embed\/541AdJer2Yc\" width=\"100%\" height=\"315\" frameborder=\"0\" allowfullscreen=\"allowfullscreen\"><\/iframe><\/p>\n<p>Fr\u00e8 ak s\u00e8 m yo, mwen salye nou ak tout k\u00e8 mwen.<\/p>\n<p>Apr\u00e8 ch\u00f2k ak emosyon zak malon\u00e8t ki pase nan oratwa Sen Chab\u00e8l la jedi 13 avril la te pwovoke, apr\u00e8 N\u00f2t ofisy\u00e8l S\u00e8vis Kominikasyon Achidyos\u00e8z la te pibliye a, mwen pran lapaw\u00f2l pou kondane imedyatman zak kidnapin ki f\u00e8t apr\u00e8 m\u00e8s mwen t ap selebre a, toupre chap\u00e8l la, nan yon lakou prive. Se yon zak rev\u00f2ltan. Se yon gwo menas pou responsab yo ak fid\u00e8l nan Legliz la.<\/p>\n<p><!--more--><\/p>\n<p>N ap prezante senpati ak solidarite Legliz la bay 2 moun yo kidnape yo ak 2 moun machin kidnap\u00e8 yo te frape devan bary\u00e8 oratwa a. Grasadye, yo vivan.<\/p>\n<p>Moun ki viktim yo se lam\u00e8s yo te vini, se lapriy\u00e8 yo te vin lapriy\u00e8. Yo te panse yo te ka f\u00e8 sa nan lap\u00e8. Malerezman, mesye ki gen gwo zam nan men yo montre yo pa p\u00e8 anyen. Yo pa respekte p\u00e8sonn. Yo pa respekte py\u00e8s enstitisyon. Yo montre pa Krenn Bondye. Yo f\u00e8 sa yo vle; l\u00e8 yo vle; kote yo vle; sou moun so vle.<\/p>\n<p>Nou esprime senpati ak solidarite nou bay fanmi 2 fr\u00e8 nou ak fanmi tout l\u00f2t moun ki nan men kidnap\u00e8 yo. N ap di otorite yo nan Leta, nou pa dak\u00f2 ditou ak fason peyi a ak mache la a. Se k\u00f2msi Leta a kraze. Se k\u00f2msi tout pan sosyete a ap ebranle.<\/p>\n<ul>\n<li>Lek\u00f2l pa ka fonksyonen byen; Iniv\u00e8site menm bagay.<\/li>\n<li>Lopital gen anpil pwobl\u00e8m: chak semen yo ap kidnape dokt\u00e8.<\/li>\n<li>Kom\u00e8san ap f\u00e8men antrepriz yo. Ti machann ap viv nan k\u00e8 sote.<\/li>\n<li>Jounalis andanje.<\/li>\n<li>Legliz pa ka rasanble fid\u00e8l nan lap\u00e8, kit se Legliz katoloik, kit se Legliz pwotestan.<\/li>\n<li>Plizy\u00e8 komisarya vid.<\/li>\n<li>P\u00e8p la santi li lage poukont li.<\/li>\n<\/ul>\n<p>Kote sa ap rive? Kote n ap mennen peyi a? P\u00e8p la pa ka viv, sa n ap f\u00e8?<\/p>\n<p>Lek\u00f2l yo ak iniv\u00e8site yo pa ka f\u00e8men. Legliz pa ka f\u00e8men pout\u00e8t ensekirite. Se dwa nou pou nou rasanble nan lap\u00e8, nan sekirite. Se dwa el\u00e8v yo pou yo al lek\u00f2l. Se dwa antrepriz, lapr\u00e8s, lopital pou yo fonksyonen n\u00f2malman. Se dwa p\u00e8p la pou li sikile, pou li chache lavi.<\/p>\n<p>Al\u00f2, otorite yo ki nan Leta a, kisa n ap f\u00e8? Ki pwoj\u00e8 nou? ki kote nou prale ak peyi a? Nou gen responsablite pou nou bay sekirite. Mwen ankouraje nou san nou pa p\u00e8di tan pou nou f\u00e8 yon veritab chita pale av\u00e8k tout sekt\u00e8, san nou pa mete okenn moun sou kote, pou nou w\u00e8 sa pou nou f\u00e8. Gen anpil moun ki kapab nan peyi a. Gen anpil moun ki renmen peyi a. Gen anpil moun ki gen b\u00f2n volonte nan peyi a. Rele yo, pale av\u00e8 yo. F\u00f2 nou pale ak senserite, san kalkil politik, san koutba, san entranzijans. Nou andanje! Nou gen yon sosyete k ap kraze. Nou gen yon peyi pou nou sove.<\/p>\n<p>Mesye ki gen gwo zam yo, ki kote nou vle rive? Ki pwoj\u00e8 nou? Ki sa nou vle menm pou peyi a? Ki sa nou vle pou fanmi nou e pou jenerasyon k ap vini an? Sa k ap pase nou konsa a? Pran yon ti tan pou nou reflechi. Epi respekte Bondye. Respekte pitit Bondye. Respekte lavi moun. Lavi moun sakre. Ou menm tou, lavi w sakre.<\/p>\n<p>Fid\u00e8l yo, tout sitwayen yo, tout moun ki gen b\u00f2n volonte, ankouraje! Pa p\u00e8di espwa, ni pa reziye nou. Reziyasyon pa pou kretyen, li pa pou sitwayen vanyan. Rete solid\u00e8 youn ak l\u00f2t. Kontinye lapriy\u00e8. Se pou Legliz yo kontinye rasanble p\u00e8p Bondye a nan lafwa ak vijilans.<\/p>\n<p>Mwen rem\u00e8sye tout moun ki voye mesaj senpati pou nou, tout moun ki rann nou vizit nan okazyon difisil sa a. J\u00e8s yo ale nan k\u00e8 nou e nan k\u00e8 tout fid\u00e8l Legliz la. Nan okazyon F\u00e8t \u00ab\u00a0Divine Mis\u00e8ricorde\u00a0\u00bb la, m ap mande Bondye, K\u00e8 Sansib la pou Li gen pitye pou nou, pou Li veye sou nou, pou Li veye sou peyi sa a li renmen anpil, peyi sa a Li abitye sove nan move moman.<\/p>\n<p>M\u00e8si anpil,<\/p>\n<p style=\"text-align: right;\"><strong>+Monsey\u00e9 Max Leroy M\u00e9sidor<\/strong><br \/>\nAchev\u00e8k metwopoliten P\u00f2toprens<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Fr\u00e8 ak s\u00e8 m yo, mwen salye nou ak tout k\u00e8 mwen. Apr\u00e8 ch\u00f2k ak emosyon zak malon\u00e8t ki pase nan oratwa Sen Chab\u00e8l la&hellip;<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":4927,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"_jetpack_memberships_contains_paid_content":false,"footnotes":"","jetpack_publicize_message":"","jetpack_publicize_feature_enabled":true,"jetpack_social_post_already_shared":true,"jetpack_social_options":{"image_generator_settings":{"template":"highway","default_image_id":0,"font":"","enabled":false},"version":2}},"categories":[3,17,10],"tags":[],"class_list":["post-4929","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-annonces","category-eglise","category-societe"],"jetpack_publicize_connections":[],"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2023\/04\/leroy.png?fit=933%2C392&ssl=1","jetpack_sharing_enabled":true,"jetpack_shortlink":"https:\/\/wp.me\/scR5kd-4929","jetpack-related-posts":[{"id":2734,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/12\/19\/quatrieme-dimanche-de-lavent-c\/","url_meta":{"origin":4929,"position":0},"title":"19 d\u00e9cembre 2021: 4\u00b0dimanche de l&rsquo;Avent C","author":"Sr Martha Seide","date":"19 d\u00e9cembre 2021","format":false,"excerpt":"\u00ab Tankou Mari, akeyi lavi Sov\u00e8 a nan nou\u00bb Nan f\u00e8 volonte Bondye OBJEKTIF : Ch\u00e8che f\u00e8 volonte Bondye GWO LIDE NAN LEKTI YO: 1. Premye lekti, pwof\u00e8t Miche, ch 5, 1-4 : Bondye se Sila ki pa janm meprize p\u00f2v malere yo. Li voye je l sou p\u00f2v malere\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Eglise&quot;","block_context":{"text":"Eglise","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/eglise\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]},{"id":2693,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/12\/12\/12-decembre-troisieme-dimanche-de-lavent-c\/","url_meta":{"origin":4929,"position":1},"title":"12 d\u00e9cembre 2021: 3\u00b0dimanche de l&rsquo;Avent C","author":"Sr Martha Seide","date":"12 d\u00e9cembre 2021","format":false,"excerpt":"\u00ab Tankou Mari, akeyi lavi Sov\u00e8 a nan nou\u00bb Nan pataje ak k\u00e8 kontan OBJEKTIF : Simaye k\u00e8 kontan nan pataje youn ak l\u00f2t GWO LIDE NAN LEKTI YO: 1-\u201e\u201fF\u00e8 k\u00e8 w kontan Siyon\u201f\u201f. Pa p\u00e8, pinga\u201fw febli. Granm\u00e8t la nan mitan\u201fw ak f\u00f2s. L\u201fap danse ak lwanj pout\u00e8t ou\u201d.\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Eglise&quot;","block_context":{"text":"Eglise","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/eglise\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/3dimanche.jpg?fit=900%2C1200&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/3dimanche.jpg?fit=900%2C1200&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/3dimanche.jpg?fit=900%2C1200&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/3dimanche.jpg?fit=900%2C1200&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]},{"id":2629,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/12\/04\/5-decembre-2021-deuxieme-dimanche-de-lavent-c\/","url_meta":{"origin":4929,"position":2},"title":"5 d\u00e9cembre 2021: 2\u00b0 dimanche de l&rsquo;Avent C","author":"Sr Martha Seide","date":"4 d\u00e9cembre 2021","format":false,"excerpt":"\u00ab Tankou Mari, akeyi lavi Sov\u00e8 a nan nou\u00bb Nan pran chemen konv\u00e8syon OBJEKTIF: Rive f\u00e8 moun yo konnen Bondye pa vle lanm\u00f2 pech\u00e8 a men se pou li kase t\u00e8t tounen vin jwenn Bondye. Cf. Ezeky\u00e8l 18, 32 GWO LIDE NAN LEKTI YO 1- Bondye f\u00e8 abitan Jerizal\u00e8m yo\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Noel&quot;","block_context":{"text":"Noel","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/noel\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]},{"id":2737,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/12\/19\/message-de-noel-2021-de-la-conference-episcopale-dhaiti-ceh\/","url_meta":{"origin":4929,"position":3},"title":"Message de No\u00ebl 2021 de la Conf\u00e9rence \u00c9piscopale d\u2019Ha\u00efti (CEH)","author":"Sr Martha Seide","date":"19 d\u00e9cembre 2021","format":false,"excerpt":"MESSAGE DE NO\u00cbL 2021 DE LA CONF\u00c9RENCE \u00c9PISCOPALE D\u2019HA\u00cfTI (CEH) AUX PRETRES, RELIGIEUX, RELIGIEUSES, AUX FIDELES LA\u00cfCS, AUX HOMMES ET FEMMES DE BONNE VOLONT\u00c9 1. Nous allons tr\u00e8s bient\u00f4t c\u00e9l\u00e9brer la Naissance du Messie-Sauveur, J\u00e9sus-Christ, et nous aurons \u00e0 \u00e9changer les traditionnels voeux de No\u00ebl et de Bonne Ann\u00e9e. Le\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Comf\u00e9rence \u00c9piscopale d'Haiti&quot;","block_context":{"text":"Comf\u00e9rence \u00c9piscopale d'Haiti","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/comference-episcopale-dhaiti\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp 1x, https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp 1.5x, https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp 2x"},"classes":[]},{"id":2420,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/10\/19\/lancement-xvi-assemblee-synodale-message-ceh\/","url_meta":{"origin":4929,"position":4},"title":"Lancement XVI Assembl\u00e9e synodale: Message CEH","author":"Sr Martha Seide","date":"19 octobre 2021","format":false,"excerpt":"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Katolik Peyi Ayiti yo, voye bay tout P\u00e8, tout Dyak, tout M\u00e8, tout Fr\u00e8, tout Fid\u00e8l layik katolik yo, ak tout moun b\u00f2n volonte nan kad 16\u00e8me Sin\u00f2d Ev\u00e8k yo. Pou yon Legliz kote n ap mache ansanm : nan kominyon, nan patisipasyon ak misyon. 1. Nan\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Eglise&quot;","block_context":{"text":"Eglise","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/eglise\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/10\/embleme-CEH.bmp","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/10\/embleme-CEH.bmp 1x, https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/10\/embleme-CEH.bmp 1.5x, https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/10\/embleme-CEH.bmp 2x"},"classes":[]},{"id":13371,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2025\/10\/30\/lang-kreyol-se-zouti-rezistans-pep-ayisyen-an\/","url_meta":{"origin":4929,"position":5},"title":"Lang krey\u00f2l, se zouti rezistans p\u00e8p ayisyen an!","author":"Sr Monette Octave","date":"30 octobre 2025","format":false,"excerpt":"Madi 28 Okt\u00f2b, se Jounen Lang Krey\u00f2l sou tout t\u00e8 peyi d\u2019Ayiti. Nan tout peyi a, nou selebre lang sa a ki se f\u00f2s nou, fy\u00e8te nou, ak idantite nou. Nan menm lide sa a, tout el\u00e8v Kol\u00e8j Mari Dominik Mazzarello ansanm ak gouv\u00e8nman lek\u00f2l la te pwofite okazyon an\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Activit\u00e9s&quot;","block_context":{"text":"Activit\u00e9s","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/activites\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=700%2C400 2x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=1050%2C600 3x"},"classes":[]}],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/4929","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=4929"}],"version-history":[{"count":3,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/4929\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":4933,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/4929\/revisions\/4933"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/media\/4927"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=4929"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=4929"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=4929"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}