{"id":2420,"date":"2021-10-19T10:20:38","date_gmt":"2021-10-19T14:20:38","guid":{"rendered":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/?p=2420"},"modified":"2021-10-19T10:20:38","modified_gmt":"2021-10-19T14:20:38","slug":"lancement-xvi-assemblee-synodale-message-ceh","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/10\/19\/lancement-xvi-assemblee-synodale-message-ceh\/","title":{"rendered":"Lancement XVI Assembl\u00e9e synodale: Message CEH"},"content":{"rendered":"<p><a href=\"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/10\/embleme-CEH.bmp\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"alignnone size-full wp-image-2421\" src=\"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/10\/embleme-CEH.bmp\" alt=\"\" width=\"933\" height=\"165\" \/><\/a><\/p>\n<p style=\"text-align: center;\">Mesaj Konferans Ev\u00e8k Katolik Peyi Ayiti yo,<br \/>\nvoye bay tout P\u00e8, tout Dyak, tout M\u00e8, tout Fr\u00e8,<br \/>\ntout Fid\u00e8l layik katolik yo, ak tout moun b\u00f2n volonte<br \/>\nnan kad 16\u00e8me Sin\u00f2d Ev\u00e8k yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: center;\">\n<strong>Pou yon Legliz kote n ap mache ansanm : nan kominyon, nan patisipasyon ak misyon.<\/strong><\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">\n1. Nan non Jezi Kri ki sove nou nan Lespri Sen an ki rasanble nou f\u00e8 yon s\u00e8l P\u00e8p pou Bondye Papa ki renmen nou anpil la (2 Korentyen 13,14), Ev\u00e8k Katolik Peyi Ayiti yo kontan salye nou.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">2. Nan dat 15 septanm 1965, Pap Paul VI te kreye nan Legliz la yon enstitisyon ki pote non Sin\u00f2d Ev\u00e8k yo. Se yon gwo Asanble Ev\u00e8k Pap la konvoke pou reflechi sou lavi Legliz la epi pou konseye li. Asanble sa montre kalite kominyon ak kolaborasyon ki ekziste ant Pap la ak Ev\u00e8k yo ki toupatou sou t\u00e8 a (cf. L\u00e8t Apostolik \u201cApostolica Sollitudo\u201d).<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">3. Jodi a, Pap Franswa konvoke Ev\u00e8k yo pou XVI\u00e8 Asanble jeneral Sin\u00f2d la k ap f\u00e8t nan vil W\u00f2m nan mwa okt\u00f2b 2023. Pap Franswa konsakre 2 lane pou Legliz la prepare Sin\u00f2d la paske li vle pou tout p\u00e8p Bondye a santi li kons\u00e8ne nan misyon Legliz la ak nan gran desizyon Legliz la gen pou l pran. Men t\u00e8m Sin\u00f2d la: \u201cPou yon Legliz kote n ap mache ansanm : nan kominyon, nan patisipasyon ak misyon\u201d.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">\n4. Gen plizy\u00e8 etap n ap swiv anvan nou rive nan gran Asanble 2023 a. Premye etap la ap soti okt\u00f2b 2021 pou rive avril 2022. Nan tout dyos\u00e8z yo ap gen aktivite rankont ak refleksyon sou jan nou dwe viv epi mache ansanm jous nou rive nan etap rasanbleman final la.<br \/>\nKonsa, Konferans Ev\u00e8k peyi Ayiti yo envite tout p\u00e8p Bondye a, nan nivo dyos\u00e8z yo ak pawas yo :<br \/>\n&#8211; Pou yo reflechi sou lavi ak misyon Legliz la, espesyalman sou patisipasyon tout batize nan diferan asp\u00e8 misyon an. Y ap gen pou reponn k\u00e8k kesyon sou jan yo w\u00e8 lavi Legliz la e sou sa ki ta dwe f\u00e8t pou travay anonse Levanjil la ka pote plis fwi.<br \/>\n&#8211; Pou yo ouvri je yo sou reyalite n ap viv jodi a, ki simen dout nan k\u00e8 anpil moun sou avni sosyete a : miz\u00e8, koripsyon, vyolans. Sitiyasyon sa lakoz anpil pitit peyi a ap sove kite l.<br \/>\n&#8211; Ev\u00e8k yo envite p\u00e8p Bondye a pou li kite Lespri Sen an transf\u00f2me k\u00e8 li epi gide aksyon li yo nan travay pastoral Legliz la.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">\n5. Fr\u00e8 n ak S\u00e8 n yo,<br \/>\n\u00ab Sin\u00f2d la ap ede n konprann pi byen sa Legliz la ye : yon kominote kote tout moun ap mache ansanm pou yo w\u00e8 reyalite a ak je lafwa. Sin\u00f2d la, se Legliz la k ap poze pw\u00f2p t\u00e8t li kesyon sou jan li ch\u00e8che rete fid\u00e8l ak ans\u00e8yman Lafwa a. \u00bb (Pap Franswa, Diskou ouv\u00e8ti Asanble jeneral Ev\u00e8k yo sou lafanmi an, 5 okt\u00f2b 2015).<br \/>\nSin\u00f2d la, se Legliz la k ap lapriy\u00e8 pou tout moun kapab tande yon s\u00e8l vwa, ki se vwa Gadyen an k ap rasanble nou tout nan \u201cyon s\u00e8l troupo, d\u00e8y\u00e8 yon s\u00e8l Gadyen\u201d (cf. Jan 10, v\u00e8s\u00e8 16).<br \/>\nPou Sin\u00f2d la pote plis fwi pou Legliz la ak tout kominote nou yo, nou dwe \u00ab louvri k\u00e8 nou bay Lespri Sen an, av\u00e8k menm kouraj Apot yo, antan nou mete n tou senp dapre lespri Levanjil la, nan lapriy\u00e8 ak konfyans \u00bb (Pap Franswa, Diskou ouv\u00e8ti Asanble jeneral Ev\u00e8k yo sou lafanmi an, 5 okt\u00f2b 2015).<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">\n6. Se pou Lespri Lapannkot la rasanble nou, pou li abite nan k\u00e8 nou, pou li f\u00e8 kominyon an grandi nan mitan nou ; se pou li f\u00e8 nou f\u00e8 youn, pou tout moun ka kw\u00e8 Jezi Kri se sila Bondye Papa voye a (cf. Jan 17, 21).<br \/>\nNan souf Lespri Sen an, se pou Granm\u00e8t la ede nou youn rankontre ak l\u00f2t, pou nou youn aprann koute l\u00f2t, pou nou kalkile ansanm, pou nou mache ansanm sou chemen verite, jistis ak padon.<br \/>\nSe pou Lavy\u00e8j Mari, NotreDam P\u00e8pety\u00e8l Sekou, ede nou prepare epi reyalize Sin\u00f2d 2023 a pou lwanj Bondye toujou eklate epi pou Levanjil la kontinye anonse sou tout fas t\u00e8 a.<br \/>\nMesaj sa s\u00f2ti nan kay kote Ev\u00e8k Katolik Peyi Ayiti yo abitye reyini, jou 14 okt\u00f2b 2021 an.<\/p>\n<p style=\"text-align: right;\">Suivent les signatures<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Mesaj Konferans Ev\u00e8k Katolik Peyi Ayiti yo, voye bay tout P\u00e8, tout Dyak, tout M\u00e8, tout Fr\u00e8, tout Fid\u00e8l layik katolik yo, ak tout moun&hellip;<\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":2421,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"_jetpack_memberships_contains_paid_content":false,"footnotes":"","jetpack_publicize_message":"","jetpack_publicize_feature_enabled":true,"jetpack_social_post_already_shared":true,"jetpack_social_options":{"image_generator_settings":{"template":"highway","default_image_id":0,"font":"","enabled":false},"version":2}},"categories":[17],"tags":[],"class_list":["post-2420","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-eglise"],"jetpack_publicize_connections":[],"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/10\/embleme-CEH.bmp","jetpack_sharing_enabled":true,"jetpack_shortlink":"https:\/\/wp.me\/pcR5kd-D2","jetpack-related-posts":[{"id":2737,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/12\/19\/message-de-noel-2021-de-la-conference-episcopale-dhaiti-ceh\/","url_meta":{"origin":2420,"position":0},"title":"Message de No\u00ebl 2021 de la Conf\u00e9rence \u00c9piscopale d\u2019Ha\u00efti (CEH)","author":"Sr Martha Seide","date":"19 d\u00e9cembre 2021","format":false,"excerpt":"MESSAGE DE NO\u00cbL 2021 DE LA CONF\u00c9RENCE \u00c9PISCOPALE D\u2019HA\u00cfTI (CEH) AUX PRETRES, RELIGIEUX, RELIGIEUSES, AUX FIDELES LA\u00cfCS, AUX HOMMES ET FEMMES DE BONNE VOLONT\u00c9 1. Nous allons tr\u00e8s bient\u00f4t c\u00e9l\u00e9brer la Naissance du Messie-Sauveur, J\u00e9sus-Christ, et nous aurons \u00e0 \u00e9changer les traditionnels voeux de No\u00ebl et de Bonne Ann\u00e9e. Le\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Comf\u00e9rence \u00c9piscopale d'Haiti&quot;","block_context":{"text":"Comf\u00e9rence \u00c9piscopale d'Haiti","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/comference-episcopale-dhaiti\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp 1x, https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp 1.5x, https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/Message-de-Noel-de-la-Conference-des-Eveques-Catholiques-dHaiti-16-decembre-2021.bmp 2x"},"classes":[]},{"id":4929,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2023\/04\/19\/4929\/","url_meta":{"origin":2420,"position":1},"title":"Mesaj Monsey\u00e8 Max Leroy M\u00e9sidor, Achev\u00e8k metwopoliten P\u00f2toprens, apre ensidan ki te pase jedi 13 avril la","author":"fmahaiti","date":"19 avril 2023","format":false,"excerpt":"Fr\u00e8 ak s\u00e8 m yo, mwen salye nou ak tout k\u00e8 mwen. Apr\u00e8 ch\u00f2k ak emosyon zak malon\u00e8t ki pase nan oratwa Sen Chab\u00e8l la jedi 13 avril la te pwovoke, apr\u00e8 N\u00f2t ofisy\u00e8l S\u00e8vis Kominikasyon Achidyos\u00e8z la te pibliye a, mwen pran lapaw\u00f2l pou kondane imedyatman zak kidnapin ki\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Annonces&quot;","block_context":{"text":"Annonces","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/annonces\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2023\/04\/leroy.png?fit=933%2C392&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2023\/04\/leroy.png?fit=933%2C392&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2023\/04\/leroy.png?fit=933%2C392&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2023\/04\/leroy.png?fit=933%2C392&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]},{"id":13371,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2025\/10\/30\/lang-kreyol-se-zouti-rezistans-pep-ayisyen-an\/","url_meta":{"origin":2420,"position":2},"title":"Lang krey\u00f2l, se zouti rezistans p\u00e8p ayisyen an!","author":"Sr Monette Octave","date":"30 octobre 2025","format":false,"excerpt":"Madi 28 Okt\u00f2b, se Jounen Lang Krey\u00f2l sou tout t\u00e8 peyi d\u2019Ayiti. Nan tout peyi a, nou selebre lang sa a ki se f\u00f2s nou, fy\u00e8te nou, ak idantite nou. Nan menm lide sa a, tout el\u00e8v Kol\u00e8j Mari Dominik Mazzarello ansanm ak gouv\u00e8nman lek\u00f2l la te pwofite okazyon an\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Activit\u00e9s&quot;","block_context":{"text":"Activit\u00e9s","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/activites\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=700%2C400 2x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2025\/10\/IMG-20251028-WA0051.jpg?fit=1053%2C680&ssl=1&resize=1050%2C600 3x"},"classes":[]},{"id":2734,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/12\/19\/quatrieme-dimanche-de-lavent-c\/","url_meta":{"origin":2420,"position":3},"title":"19 d\u00e9cembre 2021: 4\u00b0dimanche de l&rsquo;Avent C","author":"Sr Martha Seide","date":"19 d\u00e9cembre 2021","format":false,"excerpt":"\u00ab Tankou Mari, akeyi lavi Sov\u00e8 a nan nou\u00bb Nan f\u00e8 volonte Bondye OBJEKTIF : Ch\u00e8che f\u00e8 volonte Bondye GWO LIDE NAN LEKTI YO: 1. Premye lekti, pwof\u00e8t Miche, ch 5, 1-4 : Bondye se Sila ki pa janm meprize p\u00f2v malere yo. Li voye je l sou p\u00f2v malere\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Eglise&quot;","block_context":{"text":"Eglise","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/eglise\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/4dimanche.jpg?fit=800%2C600&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]},{"id":2581,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/11\/28\/28-novanm-2021-premye-dimanch-lavan-ane-c\/","url_meta":{"origin":2420,"position":4},"title":"28 Novembre 2021:  1\u00b0dimanche de l&rsquo;Avent C","author":"Sr Martha Seide","date":"28 novembre 2021","format":false,"excerpt":"\u00ab Tankou Mari, akeyi lavi Sov\u00e8 a nan nou\u00bb Nan Veye ak lafwa OBJEKTIF : Veye paske nou pa konnen jou a. \u00a0 GWO LIDE NAN LEKTI YO: 1. Premye lekti, pwof\u00e8t Jeremi, ch 33, 14-16 : Bondye f\u00e8 kontra ak p\u00e8p la malgre yo pa rete fid\u00e8l ak sa\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Espace Jeunes&quot;","block_context":{"text":"Espace Jeunes","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/jeunes\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/11\/1dimanche.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/11\/1dimanche.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/11\/1dimanche.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/11\/1dimanche.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]},{"id":2629,"url":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/2021\/12\/04\/5-decembre-2021-deuxieme-dimanche-de-lavent-c\/","url_meta":{"origin":2420,"position":5},"title":"5 d\u00e9cembre 2021: 2\u00b0 dimanche de l&rsquo;Avent C","author":"Sr Martha Seide","date":"4 d\u00e9cembre 2021","format":false,"excerpt":"\u00ab Tankou Mari, akeyi lavi Sov\u00e8 a nan nou\u00bb Nan pran chemen konv\u00e8syon OBJEKTIF: Rive f\u00e8 moun yo konnen Bondye pa vle lanm\u00f2 pech\u00e8 a men se pou li kase t\u00e8t tounen vin jwenn Bondye. Cf. Ezeky\u00e8l 18, 32 GWO LIDE NAN LEKTI YO 1- Bondye f\u00e8 abitan Jerizal\u00e8m yo\u2026","rel":"","context":"Dans &quot;Noel&quot;","block_context":{"text":"Noel","link":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/category\/noel\/"},"img":{"alt_text":"","src":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=350%2C200","width":350,"height":200,"srcset":"https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=350%2C200 1x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=525%2C300 1.5x, https:\/\/i0.wp.com\/fmahaiti.org\/site\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/2-dimanche-avent.jpg?fit=1024%2C768&ssl=1&resize=700%2C400 2x"},"classes":[]}],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2420","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2420"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2420\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":2422,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2420\/revisions\/2422"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/media\/2421"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2420"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=2420"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/fmahaiti.org\/site\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=2420"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}